Dernières nouvellesLa Presse

Yvenert Foeshter Joseph s’en prend aux détracteurs de la Radio Zénith

Le journaliste et DG de la Radio Sans Fin (RSF), Yvenert Foeshter Joseph, s’insurge contre certains détracteurs de la Radio Zénith qui estiment que les journalistes de ce média incitent les gens à la violence. Dans un texte qui fait le tour des réseaux sociaux, Yvenert appelle les autorités à identifier les vrais problèmes auxquels la population est confrontée.

Lisez l’intégralité du texte avec l’agence en ligne TripFoumi Enfo.

Fèmen Radyo Zénith. Lafyèv la pa nan dra a tonnè boule m.

Fèmen radyo Zénith 102.5 ap yon katastwòf anplis pouvwa a ap pwovoke. Menm moun ki pat ladan ap antre. TNH, RNH p ap fè mye pase radyo zenith sou bann fm lan. Tout ap defann kan pa yo san respè pou metye jounalis la.

Mwen pa site radyo prive k ap defann pouvwa a san okenn etik yo pou yo pa di se konpetisyon malsèn. Men si nou vle rete objektif, tande yo parapò ak sa k ap pase epi n ap wè Zénith se yon repons ak jan y ap fè laprès tounen jodi a. Se pou nou gen kouraj kritike tout medya an 2004 ki t ap lage san okenn retni yo kont pouvwa Aristide la, ki kounye a ap krache sou sa k ap pase nan peyi a.

Gen yon ipokrizi ki dwe fini. Tout sa nan chanje sistèm lan. Zénith ap bon lè lòt ki gen lajan pou sa y ap fè yo konprann peyi a kraze nan men nou fòk gen yon lòt près.

Fèmen radyo pa asire pouvwa. Mande moun ki te boule emetè radyo yo an 2004 si Prezidan yo a te rete. Sispann fè menm erè yo. Konatèl pa gen pwovizyon legal pou fèmen radyo. Dayè se pa li ki bay radyo, se ministè enteryè.

Radio Zenith pa nan tout peyi a. Alòske tout kote te bloke. Sispann voye salami nan desizyon yo. Chèche moun serye met bò kote nou pito, retire landyèz, tripotye yo. Menmsi yo gen gwo diplòm se tripotay ki baz prezans yo bò kote nou.

Yvenert Foeshter JOSEPH
[email protected]

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker