Dernières nouvellesPolitique

L’Alternative Consensuelle demande à la population de rester mobilisée

Dans un communiqué publié ce Jeudi 7 Novembre 2019, les l’Alternative Consensuelle dénonce les actes de violences perpétrés contre les habitants de différents quartiers populaires du pays et des protestataires qui exigent depuis plusieurs mois la démission du Chef de l’État.

Elle dénonce aussi les actes d’intimidation proférés à l’encontre de la radio Zénith à travers une lettre du ministère de la communication circulant sur les réseaux sociaux, et condamne une fois de plus l’assassinat du journaliste Néhémie Joseph à Mirebalais.

Voici le communiqué dans son intégralité

Siyatè Altènativ Tèt Ansanm pou Rebati Ayiti

KOMINIKE 7 NOVANM

Siyatè Altènativ Tèt Asanm nan denonse klima latèrè ak represyon ki gaye sou tout Peyi a , anba lòd prezidan enkilpe, Pèp la revoke a, ki jwenn katon wouj nan men tout Sektè nan Peyi a.

Apre anpil menas gè sivil, ajan pouvwa a fin fè , patikilyèman atache zele pouvwa a, Rosemond Jean, koulye a, yo pase alatak.

N ap denonse:
1- Maspinay k ap fèt sou pèp revandikatif la nan kafou Marasa
2- Nòt presyon k ap sòti pou entimide Radyo Zénith, Kòmkwa nou ta retounen nan tan diktati divalyeris sanginè a.

3- Masak, maspinay, mete dife, rache moun, koupe tèt moun, boule moun, ki fèt sou pèp bèlè a, nan ri Sen Maten; ak sou fanmi plizyè polisye ki pèdi kay yo ak tout byen yo nan dife eskadwon lanmò.
4 – Pi rèd, laterè yo a rive jouk nan mete dife sou pasaje nan bis piblik. Jan sa pase jou Jeudi 7 novanm lan, sou chandmas.

Tout zak sa yo, mete sou ansasinay ki fèt sou jounalis Nehemie Joseph, MASAK ki fèt sou moun Sen Mak ak sou anpil militan e senp sitwayen nan Peyi a, tou sa , montre ekip ki sou pouvwa a ansanm ak tout prezidan an ap pèdi tèt yo devan DETÈMINASYON noumenm, Pèp Ayisyen.

Nou mande tout sitwayen ayisyen alawonnbadè rete mobilize e reziste . Paske se nou ki gen rezon. Kòz nou an jis. FÒK SISTÈM peze souse a KASE. Fòk JOVENEL kite Palè a.

Nou mande fanmi viktim yo monte dosye pou pote plent. Pou n ka jije tout asasen lè Peyi a retrouve l anba yon lòt oryantasyon ak yon lòt ekip fanm ak fason ki deside. Tout bon !

Jou delivrans la pa lwen .
Wè pa wè, tout asasen? tout eskadwon lanmò tout kriminèl ki fè krim ekonomik, yo TOUT, ap jije.

TWÒP SA KOULE !

Pòtoprens jedi 7 novanm 2019

Marjory Michel
Serge Jean Louis

Venel Nelson

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker