Dernières nouvellesPolitique

Moïse Jean-Charles salue l’unité de l’opposition autour de l’accord à Marriott

Le leader du parti Pitit Dessalines a sorti une note pour saluer l’initiative des secteurs de l’opposition qui se sont réunis à l’hôtel Marriott pour trouver une entente sur la provenance de la personne qui doit remplacer Jovenel Moïse au pouvoir, et informe que le choix de la Cour de Cassation conjoint à leur proposition qui date des années.

Lisons intégralement la note de Pitit Dessalines ayant pour signature celle de Moïse Jean-Charles, qui avait lui-même demander aux acteurs de se doter d’un discours unanime.⤵

Pitit Dessalines aplodi bèl ekzèsis demokratik ke aktè politik yo rive fè nan Marriot jou ki 9 novanm 2019 la e ki debouche sou yon akò politik ant ” Altènativ, Opozisyon enstitisyonel, Pasrèl, Foròm Patriyotik, Blòk demokratik, Mache kontre.

Pitit Dessalines raple tout moun depi lè depa Mately e depi lè sitiyasyon sosyo ekonomik politik la te kòmanse degrade, li te mande, jan Konstitisyon 1987 vèsyon kreyòl ki poko amande a ekri li, pou nou ale nan kou Kasasyon pou nou al pran yon jij ki onèt, kredib, ke moun pouvwa yo pa fè dappiyanp sou li.

Answit nan konferans ki te bay nan lokal li, jou madi kite 5 novanm 2019 vè 11zè nan maten kote tout près la te prezan nasyonal tankou entenasyonal, nou menm Lidè Pitit Dessalines te mande Strikti Altenativ, Pasrèl, Mache kontre ak anpil lòt gwoup politik pou yo chita jis pou jwen yon antant politik otou kou Kasasyon an.

Nou menm Lidè Pitit Dessalines, nou te pale pandan plizyè ane pèp la te swiv nou e jodia pèp la pale fòk nou swiv yo sitou a travè barikad yo. Nou kontan wè iniite ki genyen ant doktè, chofè taksi moto militan tout kalib…e sitou militan Pitit Dessalines ak Fanmi Lavalas ki fè yon sèl sou beton an pou yo pouse vwa yo…san bliye pwofesyonèl yo ki vin rejwenn lit la ak tout sila ki chita lakay yo pou yo fè Rezistans “peyi Lòk” la.

Nan sans sa a PPPD voye gwo kout chapo pou tout strikti yo, tout sektè, tout fòs viv peyi a. Premye manch la fin pase, n ap tann chwa ki pou sanble ak imaj moun ki dèyè barikad yo ak moun kap fè Rezistans lakay yo, jis nou rive nan depa jovenel ak chanjman Sistem nan.

N ap raple tout chwa ki pa reflete moun ki dèyè Barikad yo ak moun kap fe Rezistans yo, Pitit Dessalines pap Apiye l.

Mo dòd la se “Mayi nou nan solèy fòk nou siveye la pli”.

Jiskobou

Moise Jean Charles
Lidè Pitit Dessalines

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker