Dernières nouvellesSanté Publique

Fè bagay nan twou dèyè, yon mit oubyen yon veritab sous plezi?

Nan peyi Dayiti, koze fè bagay se pa koze tout moun. Koupe fè pati sijè yo rele sijè tabou yo. Sa vle di, yon seri tematik moun paka pale an piblik, oudimwens pa ka pale de li byen alèz nenpòt ki kote. Si seksyalite an jeneral rete jouk jounen jodi a yon kesyon sansib, li pa diferan pou tout aksyon ki sòti anndan l yo. Fè tibèf (niche bouboun oubyen chouchout patnè w la nan sousi pou ba li plis plezi), fè zonyon (lè yonn nan patnè yo a ap niche tou dèyè lòt la), fè bagay nan tou bouda, elatriye. Jodi a, atansyon n ap pote patikilyèman sou koupe nan bouda a ki se yonn nan pratik seksyèl ki fè plis pale anpil. Ki kote pratik sa a sòti ? Kisa sosyete a di sou li ? Kòman lasyans konprann fenomèn nan ? Kijan yon pratikan santi l lè l ap fè l? Ansanm, an n al chèche jwenn yon repons pou chak kesyon sa yo.

Fè bagay nan twou dèyè (sexe anal ou sodomie en français) se yon pratik ki tanmen layite kò l nan tout sosyete oksidantal yo. Li vin pran yon gwo dimansyon sitou ak emèjans epi pwomosyon respè dwa moun, tankou dwa sila yo ki parèt pi piti nan sosyete a. Si anpil moun panse se masisi yo sèlman ki pran plezi nan fè bagay nan dèyè, gen yon rapò «Durex» ki se yon enstitisyon nan peyi Lafrans te pibliye nan lane 2012 ki montre gen anpil moun k ap viv ansanm, kidonk fi epi gason, ki jwenn bon jan plezi ladan l. Anpil jenn fi renmen lè mennaj yo koupe yo nan twou dèyè. «Cheri, f on ti ban m li nan pòt dèyè a», se konsa yo mande patnè yo l anpil fwa si n kwè temwànyaj kèk pratikan. Anpil etid ki fèt nan peyi letranje, espesyalman Lafrans, montre chak jou kantite moun ki gen pratik seksyèl sa a kontinye ap ogmante. Lakay nou nan peyi Dayiti, se pa yon sijè yo ko fè gwo rechèch syantifik sou li. Toutfwa, gen anpil jounalis ki fè repòtaj epi trete kesyon an.

Kisa sosyete ayisyèn nan di sou koze koupe nan dèyè a ?

Pa bò isit lakay nou, jan nou sot di l pi wo a, se pa yon tematik yo ko trete syantifikman. Men sa pa anpeche, swa nan radyo, nan inivèsite a, nan fanmi yo, nan gwoup zanmi yo osinon anndan relasyon mennaj oubyen madanm ak mouche yo, s on kesyon ki fè anpil deba. Premye gwoup moun ki pale sou kesyon an, se kretyen yo. Pou yo menm, se yon pratik ki kont volonte «Bondye». Yo refere yo ak pasaj Ezekyèl 16 nan labib pou montre kijan kreyatè linivè a pa tolere pratik sila. Se pou sa li te detui vil Sodòm ak Gomò. Kidonk, pou kategori sa a ki chak jou ap gen plis moun k ap rejwenn yo, koupe nan bouda se bagay lemond, bagay pitit «satan». Devan moun sa yo, ou pa ta ka pèmèt ou deklare penetrasyon nan twou dèyè pote plezi, yo ta va devore w.   

Nou dwe di tou, se pa sèl moun ki kretyen yo ki pa mache nan lojik sila a. Gen anpil moun ki pa krisyanis, ni vodouyizan oubyen lòt pwofesyon relijyez yo ki, yo menm, panse se pa yon bon bagay lè yon moun koupe nan bouda (kit li te masisi oubyen l s on fi ki fè mennaj li koupe l nan pòt dèyè jan yo renmen di l la). Si n f on ti kout je sosyo antwopolojik, l ap ede n konprann sosyete ayisyèn nan se pa yon sosyete ki te janm, oudimwens ki janm rive gen matirite pou dakò pratik masisi, oudimwens pratik fanm k ap fè mari yo koupe yo nan dèyè a. Se pou sa w ap fasil tande diskou sa a : «Si yon nèg koupe madanm li nan dèyè, anverite l ka fè masisi tou». S on fason pou n di s on pratik moun pa twò byen wè nan nivo sosyete ayisyèn nan. Men tou, nou dwe presize, gen anpil jèn, sitou nan espas inivèsite a ki rete kwè : «Yon moun fèt pou viv seksyalite l. Tout sa l estime l ka fè k ap pote plis plezi ak byennèt, se pou l fè l. Si yon nonm gen mennaj ou, li mande w penetre l nan dèyè, depi nou tou de (2) mete n dakò sou sa, nou ka fè l san kontrent. Sèks pa fèt pou rete yon sijè tabou». Se te pwennvi yon jèn tankou Selesten Frannsgi (Celesting Frantz-Guy), ansyen etidyan nan sikoloji nan fakilte syanzimèn ki te sitou refere l kay Sigmonn Fred (Sigmund Freud) pou l te eksplike chak pozisyon l ap pran yo. 

Bò kote pa l, (Dikèns Ekzime (Duckerns Exumé), etidyan sikoloji tou nan Fakilte Etnoloji kwè li pa ta dwe yon pwoblèm jodi a pou yon moun louvri gòj li byen gran pou l pale de fè bagay, ankò mwens fè bagay nan dèyè. Pou li, «nan sikoloji devlopman, patikilyèman nan yon pèspektiv sikanalitik, yo eseye montre nan devlopman fizik yon moun, gen twa (3) ògàn nan kò l ki ba l plis plezi (sa yo rele libido a). Se bouch li, bouboun li oubyen zozo l epi twou bouda l. Kidonk, pandan moun nan ap viv seksyalite l, li ka chwazi eskplore nenpòt nan pati sila yo». Nan yon atik ki gen pou tit « Sexe anal : entre quête de plaisir et s’exposer à des risques de santé» ki te pibliye nan jounal ekri Lenasyonal (Le National), jounalis Risdayèl Klebè Divèlsen (Rysdaël Clébert Duvelsaint) te pran temwayaj yon demwazèl ki pa t vle yo revele vrè idantite l ki t ap di : «Lè m te fèk kòmanse, m te santi anpil doulè. Men ofinal m p ap ba w manti, bagay sa a te vin tèlman bon ke m te anvi kite l m pa t kapab».

Kisa Lasyans di sou kesyon an ?

Gen yon seksoterapet franse yo rele Pyè Dèzesent (Pierre Des Esseintes), nan yon atik li ki gen pou tit an franse «Sexe anal : à bas les idées reçues», li eseye montre divès fasèt ki gen nan fè bagay nan twou bouda. Daprè espesyalis la, «le sexe anal est considéré comme le fantasme ultime, promesse de jouissances tant extatiques que transgressives». Kidonk, daprè li, se youn nan bagay ki bay fanm ak nonm plis plezi (sodomie hétérosexuelle) oubyen nonm ak nonm tou (sodomie homosexuelle). Rezilta rechèch li yo montre yon twou bouda ki swaf plezi, ki fèk sot lave, gen mwens bakteri (dechè) pase yon bouch. «Pratik sa a pou l tounen yon sous plezi, sa nesesite yon pakèt konesans alabaz. Pou w gen konesans sa yo, fòk ou ka retire tout sa w tande y ap di yo epi pou w aprann», toujou dapre espesyalis la. Nan yon pwennvi pratik, pa gen yon rezon pou omoseksyèl yo ta pwofite l plis pase etewoseksyèl yo, paske tou 2 gen menm « terminaisons nerveuses » nan zòn sa a. 

Toutfwa, menm etid sa a pwouve fè bagay nan dèyè a, malgre bon jan plezi li pote, li gen anpil pwoblèm li bay tou. Premye pwoblèm nan se sa yo rele nan lang Emanyèl Makwon (Emmanuel Macron) an yon «crise hémorroïdaire», sa vle di twou dèyè moun nan senyen. Gen plizyè rezon ki kapab esplike sa. Swa twou dèyè moun nan twò piti parapò a gwosè chouchout k ap antre a ; swa moun nan pa byen librifye (grese) tou dèyè a ak luil ki fèt pou sa. Nou dwe di tou, espesyalis la montre pran plezi fè bagay nan bouda pa laji tou dèyè moun nan, lakoz mis (muscles nan lang fransè) ki nan dèyè yo gen yon kapasite natirèl pou l dilate, sa ki pèmèt yo resevwa nenpòt gwosè zouti.

Fè bagay nan dèyè se yon pratik dominasyon pou anpil moun. Pou anpil gason, lè yo koupe madanm yo nan bouda, s on fason pou redui l pou montre l yo dominan. Konsepsyon sa a, ki, dapre anpil moun, trè banal, jwenn orijin li nan Lagrès antik, kote yo te bani masisi. Kidonk, pou yon chèf te imilye w kòm gason li te konn jis desann kanson w epi l koupe w. Se la konsepsyon sa a sòti. Men tank tan yo ap pase, moun yo prèske pa wè bagay yo menm jan an ankò. Etid doktè sila a montre li toujou konseye yon moun ki gen pratik sa a pou l toujou fè lavman, li pa oblije lopital paske gen anpil metòd ki pèmèt yon moun fè l lakay ou. Sa ka ede pratikan an rete an sante.

Pou n fini, n ap raple jouk jounen jodi a, koze seksyalite se pa bagay moun ka louvri bouch pale nenpòt ki kote nan peyi Dayiti, kidire pou w ta pale de zafè fè bagay nan pòt dèyè, kit ant gwo souf ak gwo souf oubyen nonm ak fanm. Anpil gwo deba kontinye ap fèt sou kesyon an. Nou menm nan misyon rechèch nou, nou f on kout je sou fenomèm nan epi ekspoze ki divès konsiderasyon ki gen sou li, soti depi nan gwoup sosyal ki pi piti yo, pase nan espas entèmedyè yo jouk rive nan gran espas sosyal yo. Sijè a twò anbisye pou n ta gen pretansyon di tout bagay nan yon grenn atik. Nan sans sa a, nou envite tout moun kesyon an enterese pou pwodui yon ti bout refleksyon sou li, piti kou l ye, li ka ede deba a pran jarèt jouk sijè a vin tounen yon gwo travay syantifik ki ap pran an kont reyalite peyi Dayiti ak mès ki pwòp ak chak ayisyen.

Rysdaël Clébert Duvelsaint

Etidyan nan Sikoloji (UEH)/ Jounalis

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker