Dernières nouvellesÉducationSanté

Deux professeurs tabassés par des agents de l’USGPN, le Cercle d’Étude en Littérature Gramscienne condamne

Depuis l’attaque des agents de l’USGPN contre les deux professeurs de l’École Normale Supérieure, les réactions ne cessent de pleuvoir pour condamner cet acte combien lâche et barbare perpétré par ces hommes de l’Unité de Sécurité Générale du Palais National (USGPN). En effet, dans une note publiée en date du 15 mars 2020, le Cercle d’Étude en Littérature Gramscienne dénonce l’action criminelle des policiers de l’USGPN contre les professeurs de l’École Normale Supérieure et ainsi que sur les locaux de l’institution.

Lisez l’intégralité de la note avec TripFoumi Enfo

Pòtoprens, dimanch 15 mas 2020

Nòt pou laprès pou denonse aksyon kriminèl USGPN fè sou Lekòl Nòmal Siperyè a

Sèk Gramsci kòm òganizasyon inivèsitè kondane zak « bandi legal PHTK» ki nan kò yo rele USGPN (Unité de Sécurité Général du Palais National) fè sou etidyan, pwofesè ak pèsonèl Lekòl Nòmal Siperyè, ki se youn nan antite nan Inivèsite Leta a, jou ki te vandredi aprèmidi 13 mas 2020 an. Se ak anpil enkyetid nou aprann bandi legal sa yo ki te gen kagoul nan tèt yo te pran annotaj lekòl la epi ouvè kout zam ak gaz lakrimojèn sou moun ki te anndan enstitisyon an kote plizyè moun blese pami yo de (2) pwofesè, youn ki te sibi maltretans anba zago malfwa yo; yon pèsonèl administratif san konte dega materyèl ki fèt. Bandi legal yo krible anba bal machin yon pwofesè. Menm machann aleken ki devan lekòl la pa t epaye paske ata chodyè li konn fè manje a krible ak bal. Se yon zak vwayou ak gwo ponyèt ki pa gen plas nan okenn sosyete demokratik. Anplis, se pa premye fwa san fwa ni lwa sa yo gen mòd ajisman sa yo kont lekòl la espesyalman kont etidyan yo. Nou sonje 20 novanm 2019, se te menm konpòtman vwayou ak otoritè sa a zagoloray yo te genyen kont lekòl la.

Nou menm nan Sèk Gramsci, nou kwè zak sa yo pa inosan ni aksidantèl paske se yon pwojè k ap mijonnen depi sou rejim bandi legal premye vèsyon an pou pasifye Inivèsite Leta a. Malerezman, bandi legal PHTK yo ta sanble jwenn apui dirijan nan piwo nivo nan Inivèsite a, nan rektora a, ak kèk pwofesè pou mete an aplikasyon pwojè pasifikasyon Inivèsite Leta a. Nou denonse yon lòt fwa ankò konplisite rektora a ak kèk pwofesè ki lakoz etidyan yo pa ka egzèse dwa yo kòm sitwayen ak sitwayèn kòmsadwa.

Chak fwa etidyan leve kanpe pou manifeste dezawa yo ak egzije satisfaksyon yon seri revandikasyon bazik, dirijan Inivèsite a mete ak rejim bandi legal la kriminalize yo, matirize yo
epi mete etidyan deyò. Kidonk, konplisite makout k ap dirije inivèsite ak kèk pwofesè kreye yon boulva enpinite pou pouvwa neyodivalyeris bandi legal PHTK a pou maltrete etidyan. Dayè anpil fwa se sou demand dirijan ak pwofesè yo menm sa fèt. Nou sonje kòman yon gwoup pwofesè ak rektora a te pran desizyon militarize espas Inivèsite a pou anpeche epi kraze tout limyè kontestasyon ak rezistans k ap boujonnen.

Nou menm inivèsitè, nou sèmante 7 fwa 77 fwa 7 fwa, menm si rejim sa a jwenn konplisite yon pati nan Inivèsite a, nou p ap janm aksepte okenn pouvwa otokratik diktatoryal vin pran pye nan peyi a ankò. Inivèsite Leta a p ap tounen yon pwolonjman PHTK jan dirijan ak kèk pwofesè pwopagandis rejim nan vle fè l la. Nou mande pou tout pwofesè, etidyan ak pèsonèl pwogresis ki kwè nan yon Inivèsite pou yon lòt sosyete, ki pa dakò pou diktati retounen nan peyi a sou kèlkeswa fòm nan mobilize prese prese pou nou di NON NON NON 3 fwa NON nou pa dakò pou yon rejim bandi legal kòwonpi-kidnapè-vòlò-vwayou tounen nòm nan sosyete a. Nou menm nan Sèk Gramsci, nou panse se yon devwa, se yon obligasyon pou MOUN ki rete diyite toujou nan peyi a mobilize pou kwape ak tout fòs nou ak tout mwayen nou dispoze pwojè diktatoryal sa a pou pita pa pi tris.

Boutofen, nou ezgije pou konsèy Inivèsite a tanmen demach pou pote plent, si yo gen mounite toujou, kont bandi ki krible Lekòl Nòmal Siperyè a ak bal la epi pou trennen yo devan lajistis. Yon lòt bò, nou mande pou konsèy Inivèsite a pran kan l epi fikse pozisyon l klè sou konjonkti peyi kote Inivèsite a menase anba volonte pouvwa bandi PHTK a ki gen alye l nan tèt Inivèsite a pou tabli yon rejim diktatoryal nan peyi a. N ap fini pou nou voye senpati bay etidyan, pwofesè ak pèsonèl Lekòl Nòmal Siperyè yo ki te viktim anba men vwayou-bandi PHTK ki nan USGPN nan. Nou pa sèl, nou rete solidè ak nou.

MOUN K AP BATAY PA MOURI !

Abydarlyne Jouth

Kervens Chéry

Frantz Brizard

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker