CoronavirusDernières nouvellesSanté

Rete fèmen anndan lakay pou evite kowonaviris: ki enpak sa genyen sou sante mantal moun yo?

Depi desanm 2019, mond la ap fѐ fas ak yon gwo bout maladi yo rele COVID-19. Dapre sa anpil jounal rapòte, li ta pran parèt pou premye fwa nan peyi Lachin, sou kontinan azyatik la, nan yon pwovens yo rele Oubey nan rejyon Wouyann. Maladi sila ki gen pou rasin yon viris yo rele kowona epi viktim li yo prezante anpil difikilte pou respire, fyѐv, tous, gwo tѐt fѐ mal, san konte plizyè sentom ankò . Ta pral konnen yon vitѐs pwopagasyon rapid atravѐ senk (5) kontinan yo kote anviwon plizyѐ milye moun deja touche. Pi gwo enstans nan zafѐ laswenyay nan mond la (OMS) pat pran tan pou te deklare l pandemi epi lanse etadijans sanitѐ mondyal. Depi lѐ a, tout Leta ap pran mezi pou pwoteje popilasyon yo, pami yo envite yo respekte konsiy ijyѐn yo, rete lakay yo (konfinman) si yo pa gen bezwen ijan, elt. Nan kad travay sila, redaksyon TripFoumi Enfo a envite n fon kout je apa sou zafѐ rete fèmen anndan lakay nou an, sa n rele nan lang franse epi anglè tou ( Confinement). Avantou, kisa sante mantal vle di ? Kisa mo “Confinement “ ye tout bon vre? Ki diferans ki gen ant li epi mete moun nan sou kote kidonk sa n rele nan lang franse a ( Quarantaine) epi lè n mete moun nan yon kote pou l pa preske gen kontak ak pèsonn sof medsen k ap ba li swen yo, se sa n rele nan lang blan an ( Isolement) ? Epi ki enpak rete fѐmen anndan kay la genyen sou sante mantal moun yo ? Ann al chache ansanm kѐk repons pou kesyon sa yo.

Chak fwa mond la, oudimwens yon peyi, ap fѐ fas ak yon seri evenman, toujou gen yon ansanm konsѐp ki swa pran nesans oubyen ap fѐ aktyalite. Pa ekzanp, nan lane 2010, aprѐ gwo tranbleman tѐ Ayiti te fѐ fas, vokabilѐ kreyòl la t ap al grandi ak ajou mo « goudougoudou » a. Se menm jan, 10 lane apre, anpil gwo mo ap fѐ aktyalite jodi a. Konfinaman, izolman, karantѐn, elt. se kѐk nan yo. An reyalite, diferans ki genyen ant twa (3) mo sa pa piti, menm jan l pa twò gran. Men avan n gade kisa yo chak apa ye, ann fon kout je sou kisa sante mantal vle di paske se sitou sou li nou pral gade enpak konfinman an.

Kisa sante mantal la ye ?

Sante mantal se yon konsѐp nou jwenn plis nan sikoloji. Gen yon otѐ ki rele J. Sutter ki defini l tankou absans maladi mantal lakay moun. Definisyon sa twò senplis epi pa pѐmѐt nou byen sѐne mo a. Se pou sa, n ap pito konsidere definisyon OMS (Organisation Mondiale de la Santé) a, ki, pou li menm, sante mantal se yon eta byennѐt sichik, emosyonѐl ak konitif. Kidonk, sante mantal la se eta byennѐt alafwa moral ak sikolojik sa ki pѐmѐt chak endividi fѐ fas ak sitiyasyon difisil l ap konnen epi rejwenn ekilib.

Kisa sa vle di rete konfine ?

Kounya ann gade byen vit kisa konfinman vle di. Fòn di avantou son mo ki ekziste lontan, men ki fѐ anpil aktyalite pandan moman kowonaviris la ap frape mond la. Nan domѐn nikleyѐ, yo di yon bonm konfine, se lѐ yo mete l nan yon espas fѐmen pou jis li pare pou l eksploze. Se menm jan, nan lide pou evite pwopagasyon yon seri maladi kontajyej nan yon peyi oubyen nan mond la, yo konn mande sitwayen yo rete lakay yo, nan sousi pou limite rapò sosyal yo (rapò moun ak moun yo). Kidonk, depi kowona ap fѐ raj la, chak Leta mande sitwayen yo pou rete lakay yo epi limite deplasman yo, sitou sa ki pa ijan yo. Sa ki vin fѐ anpil moun, sitou sila ki ipѐdinamik yo, koumanse santi yo bouke ak bagay paka sòti a. Sitiyasyon an ankò pi konplike pou moun yo ki pa gen aksѐ ak entѐnѐt epi elektrisite.

Ki diferans ki genyen ant konfinman, karantèn ak izolman

Etandone n sot defini konfinman piwo a, nou pap rete sou li. Nap konsidere menm definisyon anwo a. N ap fon kout je sou 2 lòt konsèp yo. Yon kote, yo pale de karantèn, se lè yo sispèk gen dout sou yon moun yo pretann ki ka enfekte de yon viris, nan sousi pou evite l mache pwopaje l sizanka l ta kontamine vre, yo mete l nan yon espas epi limite rapò l ak moun jiskaske yo konfime si wi ou non li te malad. Poutan, yo pale de izolman lè yo konfime deja moun nan enfekte epi yo mete l yon kote (yon sant sante oubyen yon espas ki fèt pou sa) pou asire prizanchaj moun nan.

Kounya, ki enpak reyѐl konfinman an genyen sou sante mantal ak konpòtman endividi yo ?

Fòk nou di byen, enpak konfinman an depann de ki modalite Leta a defini pou li. Pa ekzanp, si w nan yon peyi devlope, malgre konfinman moun yo kapab travay a distans sou òdinatѐ yo ak entѐnѐt (se sa yo rele teletravay la), alòske l pa posib pou peyi ki pa avanse nan kesyon teknoloji yo. Se menm jan, yon Leta ki mande pѐp li konfine epi ki bal manje chak jou pap menm jan ak yon ekip pòv malere san mwayen Leta mande pou rete konfine. Son fason pou n montre relativite ki genyen nan kesyon enpak yo sou diferan tip moun, suivan peyi y ap evolye yo. Nan yon fason pratik, men ki konsekans konfinman an genyen sou moun yo :

a) Nivo estrѐs la vrѐman ogmante epi ekzajere lakay sijѐ yo: Yon etid ki fѐt nan peyi Lafrans pa yon òganizasyon ki rele “SOS Amitié” montre timoun ki rete an konfinman gen 4 fwa plis sentom estrѐs “post-traumatique” pase timoun ki pat confine yo. Kidonk, nivo estrѐs ou ki ogmante a kapab debouche sou depresyon ak anpil lòt twoub sikolojik, tankou w vin renmen fѐ kòlѐ, moral ou toujou enstab, ou toujou pѐ, elt. Menm etid saa montre nivo prevalans moral moun ki confine yo jeneralman enskri nan fouchѐt 70 ak 73 pousan (73%).

b) Fristrasyon ak annui vin plis lakay moun yo:_ Dapre rechѐch yon òganizasyon toujou nan peyi Lafrans ki rele “Suicide Ecoute”, li montre malgre moun yo gen aksѐ ak entѐnѐt pou distrѐ yo sou Netflix, YouTube ak rezo sosyal yo (fesbouk, watsap, tuitѐ, elt.), sa pa anpeche nivo fristrasyon ak annui yo vrѐman ekzajere e sa frajilize rapò yo ak lòt moun paske yo vin “impulsif” (toujou sou fѐ kout san).

c) Sa pwovoke adiksyon: anpil moun ki pat konn fѐ yon seri aktivite, nan sousi pou pa pase estrѐs vin ap kreye bay tѐt yo oudimwens al eseye sa lòt moun ap di yo fѐ sou rezo sosyal yo. Pa ekzanp, gen anpil moun ki vin adikte ak mastibasyon (bat laponyѐt pou gason, osnon lapakrѐk pou fi), se lakoz yo paka rankontre patnѐ yo epi nan sousi pou bay tѐt yo plezi epi li rete yon vis. Gen moun tou, yo tѐlman dòmi nan lajounen, aswѐ dòmi refize pran yo. Pou reponn ak pwoblѐm nan, yo bwѐ anpil alkòl ak/oubyen fimen. Sa ki vin fѐ, apre moun nan sòti nan konfinman an, gen anpil chans pou l tou rete alkolik oubyen atache ak mastibasyon. Se pa fѐ bagay sa yo ki pwoblѐm, men pito depi w depann de yo li vin patolojik.

Nan yon grenn atik, nou pa pretann kapab enimere tout enpak rete konfine pandan yon peryòd oubyen yon lòt kapab genyen sou sante mantal ak konpòtman yon moun. Sepandan, an gwo somodo, nou montre aklѐ ki volim ensidans sa kapab genyen sitou nan peyi pòv yo kote sijѐ yo pa menm gen aksѐ ak entѐnѐt pou detann yo plizoumwen. Yon ekip chѐchѐ anglѐ montre depi konfinman an ale pi lwen pase yon semѐn, epi moun yo manke yon seri founiti tankou manje, dlo, medikaman ak papye ijenik, konsekans sikolojik yo kapab pi katastwofik. Redaksyon TripFoumi Enfo an pa gen okenn pretansyon l pale tout koze anndan sijѐ a. Se pou sa l envite Leta Ayisyen konsidere paramѐt sila yo pou l kapab evite yon ansanm dega, pami yo moun ki kapab rive yon moman yo touye tèt yo ki kapab ogmante nan peyi a, san konte tou anpil timoun ki riske vi n ogmante sou kalamite moun yo deja ap viv chak jou.

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker