Adresse à la nation du président de la république dans le cadre de la pandémie du COVID-19 ce 27 mars 2020

Pèp Ayisyen, Frèm ak Sèm nan kat kwen peyi a.

Mwen kontan anpil chak fwa mwen gen okazyon pou’m pale avè nou nan dènye jou sa yo. Fok mwen pale avè nou , pou’m fè nou konprann gwosè malè pandye sa ki pan’n sou tèt chak gren’n ayisyen, ak chak grenn ayisyèn.

Jodia le mond antye ap fè fas kare ak yon maladi nou pa konpran’n, yon maladi nou pa konnen. E se sa ki fè anpil nan nou pa kwè ladan’l. Paske maladi a envizib. Nou pa wè’l. Devwa pa’m kòm Chèf Leta peyi a se pote limyè pou nou. Se pou’m di nou maladi a egziste. Li touye anpil anpil moun. Li touye deja pase 200.000 moun nan le mond antye. E kotel touye plis moun yo, se nan peyi kote ki gen gwo enfwastrikti sanitè ak gwo teknoloji. Sa vle di nou menm fok nou vijilan.

Kidonk angajman pa’m , angajman gouvènman, angajman sosyete sivil la, angajman chak grenn moun nan la près pale, ekri, televize ak rezo sosyo, angajman sektè politik la, angajman sektè ekonomik la, angajman tout moun nèt a la wonn badè se mete tèt ansanm pou nou fè fas kare kont lenmi komen sa a ki rele korona viris la.

Mwen vle raple tout moun pandemi sa pa konn ras, li pa kon’n koulè, li pa kon’n peyi, li pa konn klas sosyal, li pa kon’n timoun, li pa kon’n gran moun. Li pran tout moun. E se sa ki fè se tout moun ki pou mete men nan men pou bare’l, pou kwape’l, pou anpeche’l fè dega lakay nou.

Frèm ak Sèm kap viv lòt bò dlo, Frèm ak Sèm kap viv lòt bò fwontyè, mwen konen ke moman difisil pou nou anpil. Nan non pèp Ayisyen an mwen vle di nou kenbe fèm pa lage, pa dekouraje. Peyi a sonje nou anpil. Mwen vle salye Ayisyen ki bloke a letranje yo e ki vle retounen lakay yo. Mwen konen gon pwotokol ki etabli pou sa. Map mande Minis Zafè etranjè a pou’l ka rete an kontak ak frem ak sèm sa yo a travè konsila yo pou bay bon jan enfomasyon sou ki jan yo ka retounen lakay yo.

Sa fèm mal anpil lèm tande yap atake, yo vle touye mou’n ki gen maladi KOVID-19 la. E ou menm lèw malad, ki yès kap pwotejew ? Nan tout listwa limanite, pèp ayisyen se yon gwo pèp, yon bon pèp, yon pèp ki kon’n pote sekou ak lòt pèp ki an danje, ki bezwen asistans. Yon pèp ki toujou louvri bwal pou’l akeyi tout lòt pèp ki nan bezwen.

Pèp Ayisyen, mwen konen nou se bon moun. Nou se moun ki konn kòman yo sipote moun lè yap soufri. Mou’n sa yo ki malad jodia bezwen afeksyon paw, afeksyon fanmi yo, afeksyon moun ki mache nan menm legliz avèk yo , afeksyon moun ki mache nan menm peristil avèk yo. Moun sa yo ki malad jodia bezwen asistans. Moun ki malad yo, pèsonn, mwen di pèsonn paka vle touye yo. Mwen menm kom chef Leta ak tout otorite etabli yo nou pap tolere move konpòtman sa yo ki pa respekte la lwa ak dwa moun. Map mande pou otorite la jistis yo aji avèk anpil rigè kont tout mou’n kap atake mou’n ki malad ak kowonaviris.

Pèp Ayisyen, Frèm ak Sèm yo, nan dat ki te 19 Mas 2020 an, mwen te fè premye ti pale avèk nou sou Kowonaviris la. Mwem te anonse nou jou sa a, 2 premye ka nou te anrejistre nan peyi a. Mwen te pwofite pou’m te anonse nou tou, tout mezi gouvènman ap pran pou pwoteje popilasyon an. Mezi sa yo te difisil anpil. Men nou te oblije pran yo nan lide pou nou anpeche maladi a gaye kòl nan peyi a.

Sa pa fèm plezi lèm wè tout aktivite nan peyi a preske paralize. Sa fèm mal anpil. Lè gen kouvrefe kote moun paka mache lè yo vle. Leta pa antre lajan lè èpòt yo fèmen, lè pò yo fèmen,lè touris pa vizite peyi a, lè otèl yo fèmen, lè pa gen lwazi nan peyi a, lè restoran yo fèmen, lè nayklèb yo paka resevwa djaz pou bay moun plezi. Atis kap fè mizik nan chomaj jodia paske yo paka pèfòme.Anpil antrepriz oblije fèmen pòt yo paske mezi sa yo frape yo. Kèm sere kòm Papa pitit poum wè ti moun paka ale lekòl. Men lènmi envizib sa a, lougawou sa a, alkali twa degout sa a ki rele Kowonaviris la oblijem aksepte tout sakrifis sa yo pou pwoteje la viw ak la vi fanmiw.

Pèp Ayisyen, Frèm ak sèm yo, mwen te pwomèt nou ke nap toujou jwenn bon jan enfòmasyon nan tout transparans sou tout sa Leta ap fè sitou sa ki konsène depans piblik yo. Pami tout desizyon nou te pran yo, nou te mande Minis Edikasyon nasyonal la pou’l al chita ak Minis Finans lan poul demele’l kon mèt jan jak pou pwofesè lekòl prive yo ak inivèsite yo jwenn yon konpansasyon salè. Mwen swete ke Ministè levasyon nasyonal la ak Minis Finans lan jwenn bon jan fòmil pou ke prese, prese pwofesè yo ka rive jwenn konpansasyon salè sa a.

Nou te pran desizyon pou nou te asisteouvriye faktori nou yo. Nou te respekte angajman nou te pran nan sektè soutretans lan. Leta te bay plis pase 200 milyon goud li te pwomèt la pou’l te soutni sektè sa. 54,188 ouvrye nan tout Pak Endistryèl yo jwenn vèsman salè pou 15 jou nou te pwomèt yo a.

Nan jou kap vini la yo, mwen mande Direktè jeneral FAES la poul prepare rasyon sèch alimantè epi pou enstans konsene yo bali mask pou al distribye nan lagonav, ile a vach, zile Kayimit, ile de la Tòti, Gran Boukan , Obas. Map goumen pou manje vi’n jwenn nou kelkeswa kwen kote nou ye nan peyi a. Mwen mande pou FAES mobilize tout resous li genyen san rezèv pou pwogram korepèp la rive sou tout Peyi a.

Nou te pwomèt pou nou ede 1.500.000 fanmi ki nan plis bezwen. Enfòmasyon ki rive jwenn mwen fèm konprann ke kòb sa poko rive jwenn mou’n yo. Jodia mwen vle sa klè pou tout moun. Lèm te mande pou Minis ekonomi an ak finans lan poul fè dilijans pou 1.500.000 fanmi sa yo jwenn ti chocho a se pou te ka ede yo nan moman difisil sa a. Map travay poum asirem ke lajan rive nan poch ou direkteman. Nou pito mize nan wout men nou pote bon nouvèl. Ti rès la janm toujou di’l la se pou pèp la. Pwogram nan te monte pou moun lavil te jwenn 3000 gde e moun andeyò te jwenn 2000 gdes.Jodia mwen pran desizyon pou tout moun jwenn 3000 gde. Paske pa dwe gen diferans ant moun andeyò ak moun lavil. Nou tout se ayisyen. Map anonse gen moun nan 4 Depatman kap resevwa lajan nan kòmansman semèn sa menm .

Map mande Premye Minis lan pou’l voye yon zye apa sou gwoup moun sa yo kap egzèse metye kem toujou rele, depi Kanpay elektoral mwen jiska jodia « les métiers de la Patrie ». Se Yon seri de metye ki engra anpil ke Leta pa janm ka fi’n peye tankou : pwofesè, polisye, pèsonèl medikal . Mwen voye yon gwo kout chapo pou moun sa yo. Paske yap fè yon travay ki difisil anpil anpil.

Map felisite PM nan pou jefò li fè nan egzekisyon enstriksyon kem te ba li pou likide 1967 chèk ki repati konsa :

-704 chèk pou 6 mwa aryere salè 29eme pwomosyon polis la, soti nan Oktòb 2018 pou rive nan Fevrye 2019

-690 Chèk kòm aryere de grad. Se polisye yo te bay grad men ki pat janm touche lajan pou grad yo te ba yo.

-573 chèk ki se peròl 30eme pwomosyon an, ki soti nan Oktòb 2019 pou rive nan avril 2020.

Frèm ak Sèm ayisyen, ayisyèn, kòm mwen te toujou di nou, tout sa gouvènman ap fè, nou vle fèl nan tout transparans. Gouvènman kòmande ekipman ak materyèl pou 2 milia goud. Transpò ekipman ak materyèl sa yo koute leta 9 san milion goud. Si Gouvènman te pran desizyon poul te fè ekipman sa yo vini sou bato, yo pa tap koute tout kòb sa a. Men yo tap rive an Ayiti nan finisman mwa Jen. Konsa nou pa tap gentan pare pou fe fas kare ak korona viris la. Nou pat ka pran chans sa a. Se pou sa nou chwazi opsyon poun fè ekipman sa yo vini nan avyon . Si pa gen gwo difikilte, tout ekipman sa yo ap rive premyè kenzèn mwa Me. E yap on ekivalan 30 kontenè ekipman ak materyèl medical ki gen pou rive.

Asosiyasyon famasyen Ayisyen nan tèt kole ak laboratwa Fakilte medsin ak Famasi deja pwodwi 12mil galon solisyon alkòl 70% ki deja stoke nan depo kap resevwa tout materyel ak ekipman kap sèvi nan goumen kont male pandye yo rele kowonaviris la .

Mwen vle remèsye MSPP ak Komisyon miltisektoryèl la pou jefò yap fè pou konbat Kowonaviris la. Mwen apresye tout aktivite Ministè a ap fè nan kad sansibilizasyon kont maladi a. Ministè a deja fòme :

-29 jounalis sou Kovid-19 la

-67 Fòmatè pou sansibilize e fè prevansyon kont kovid-19 la

-10 epidemiolojis pou dix depatman peyi a
Ministè a mete sou pye sant dapèl 2020 an e ranfòsel ak nimewo 116 la ki vi’n ran travay la pi fasil toujou

-91,013 vwayajè te depiste nan Èpòt Tousen Louvèti ak Okap Ayisyen

-66,038 vwayajè te depiste nan Pò nou yo.

Ministè a ak Komisyon miltisektoryèl la prepare plizyè sant pou akeyi malad e mete moun an karantèn. Li mete tout yon lojistik sou plas epi distribye mask, ak ekipman pwoteksyon endividyèl bay pèsonèl sante yo

Frèm ak Sèm yo, mwen vle pwofite okazyon poum di mèsi ak plizyè sektè kap bay bourad nan lit kont pandemi an. Nou apresye anpil jefò kek moun nan la près ak atis yo ap fè pou konbat pandemi an nan sansibilize popilasyon an. Nou di mèsi ak moun nan sektè prive ya ki konprann ke yo dwe met men nan pat la pou pote kontribisyon pa yo. Nou kontan anpil lè nou wè jefò Skout Dayiti ap fè pou sansibilize popilasyon an sou Kovid-19 la. Nou salye byen ba Fakilte Medsin ak Famasi , etidyan nan Famasi yo, Asosyasyon famasyen Ayisyen yo pou tout kout men ke yo bannou ak tout koutmen yap kontinye bannou. Nap di mèsi ak Selil syantifik la pou rekòmandasyon lap fè bay otorite sanitè yo, ak gouvènman an.

Nou vle di tou anpil mèsi ak IHSI kap travay seryezman nan chèche devlope teknologi ki ka ede nan pwogram prevansyon nan kad Kovid-19 la.Mwen te mande Direktè Kabinèm nan poul te voye bay PM nan, Minis Sante piblik la tout refleksyon e dokimantasyon IHSI deja realize nan kad prevansyon Kovid-19 la. Nan jou kap vini yo, pèp la ap gen poul konnen koman pwogram sa fonksyone an detay.

Nou santi fwa sa Leta pa pou kòl. Konnya se ou menm sitwayen ki pou pote kole nan respekte konsiy otorite sanitè yo ba nou. Gen de moun ki di lè yo mete mask la li jennen yo. Pa pito mask la jennen’w jodia pou nou pa al tonbe anba mal pou wont sa ke yo rele Kowonaviris la. Se pou sa jan selil syantifik la rekomande’l la se pou tout moun ki nan lye piblik toujou mete mas, tankou moun ki nan kamyonèt, moun ki nan mache piblik, moun ki nan makèt. Map mande otorite yo entansifye distribisyon mask la a travè tout peyi a. Paske « Prévenir vaut mieux que guerrir ». Se pa lè dòmi nan zye nou pou nou pral ranje kabann nou. Tout lajan ki depanse deja nan achte e transpòte ekipman ak materyèl medikal yo, lajan ki depanse nan fòmasyon ak sansibilizasyon, lajan ki depanse nan transfòme yon seri de gwo espas ki nan tout peyi ya, pou resevwa moun ki ka pran maladi ki rele korona viris la. Tout preparatif sa yo fèt, se vre, men map di si nou mete mask pou nou pa pran e pou nou pa bay, pakèt kabann, pakèt boutèy oksijèn ak lòt akseswa yo pral sèvi pou ranfòse lopital ak sant de sante nou genyen yo.

Pèp Ayisyen, Frèm ak Sèm, jan nou remake’l la, tout enèji yo konsantre sou Kowonaviris la ke yo rele tou Kovid-19. Pwovèb la di : ‘’Gouverner ,c’est prévoir’’. Kòm Chèf Leta peyi a, mwen dwe poze tèt mwen keksyon sou sa kap vini aprè Kowonaviris la?

Li evidan pral gen grangou. Nou deja gen anpil chomaj. Le mond antye ap viv nan resesyon. Tout peyi pral fè jefò pou rekapitalize antrepriz lakay yo. Si nou menm jodia nou pa kòmanse pran mezi poun prepare lè Kowonaviris fi’n pase, nap gen anpil pwoblèm.

Se pou tèt sa mwen mande Premye Minis la pou akselere sou zafe selil ekonomik la ki ka pemet nou fe bon jan refleksyon ak tout lot sektè nan peyi a, pou nou pran bon jan desizyon sou ki jan relans ekonomik la ap fèt aprè korona viris la.

Pou zafè pwodiksyon agrikol la, Ministè Agrikilti gentan komanse laboure tè nan plizye zon nan peyi a e map di minis la pou bay plantè nan zòn sa yo bonjan semans pou pwodwi manje kap bon vit tankou : patat, joumou, zepina, kalalou, mayi, melon, pwa enkoni ke yo rele pwa neg, pwad souch ke yo rele bese ba ak tout lot semans manje ke ministè a konnen ki ka bon nan de ou twa mwa. Se konsa selman nou ka prepare pou nou fè fas kare ak grangou kap vini apre demon ki rele korona viris la fi’n pase. Map pwofite mande minis la nan aktivite labouraj sa a kel komanse, poul voye je gade zon agrikol mwen pwal site la yo:

1- Plèn dè Kay, plèn Tòbèk, plèn Chantal, Plèn kanperen, plèn lèzanglè, Plèn Daken, Plèn Gomye, Plèn Bakonwa, zòn agrikol nan wo plato ak ba plato santral, plèn nan zon Ferye, Tèrye-wouj, o Pèch, Karakòl ak Twou di nò.

Plèn di nò, Akil di nò, Limonad, Katye Moren, Sen-Rafayèl.
Tout tè agrikol ki sou vale twa rivyè, soti depi gwo mòn rive nan anbouchi Podpè. Plèn bèdèmoustik ak jan rabel.

Tout zòn agrikol nan Wo atibonit ak ba atibonit. San nou pa bliye plèn Tomazo, kwadèboukè, Akayè , Kabarè, Leogan ak 2e plèn nan Peti Gwav

Mwen vle anonse tout moun depi yon gwoup plantè ka mete tet ansanm pou reyini 500 kawo tè, sa vle di menm siw gen yon karo, demi kawo, yon ka kawo, depi yo ka met tet yo ansanm pou fome yon blok de pwodiksyon agrikòl, si yo pa gen dlo pou wouze, leta gen obligasyon pou enstale pou yo yon ponp ki mache ak solèy, sa vle di yo pap bezwen nan achte gaz. Premye labouraj yo dwe fèt gratis

Jèn yo ak fanm yo, mwen konnen nap travèse yon moman difisil. Nan desizyon kap pran pou soulaje fanmi yo nan peyi a, map mande Premye Minis la ak tout gouvenman an pou yo bannou yon atansyon spesyal

Poum fini, map fe pèp la sonje tout konsiy kel dwe respekte pou ampeche pandemi an vale teren :

1- Lave men nou de tanzantan. Men toujou sonje fò nou pran minimòm 20 segonn pou nou fe sa

2- Toujou mete mask nou

3- Estène nan koud bwa nou

4- Pa sòti san bezwen. Mwen konnen bagay yo di anpil. Anpil moun si yo pa pran la ri a pap gen kichòy kap rantre nan kay la. Sa vle di tout timoun ap dòmi vant ba. Men pa blye, demon sa a, asasen sa a, kriminel sa a, asayan sa a ki rele Kowonaviris la se avek yon sel pwovèb li mache’’ mache chèche pa dômi san soupe. Yon sel jan lòw soti ou asirew ou pap rantre ak pongongon sa a yo rele Kowonaviris la lakay se veye kow e yon sel jan ou ka veye kow se toujou mete mask ou.

Mèsi anpil

Back to top button
Close
Close

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker