JusticePNH

Le policier Jean-Pascal Alexandre remercie le peuple Haïtien

Dans une lettre rendue publique ce jeudi 8 octobre, le policier Jean-Pascal a tenu à remercier le peuple haïtien pour son soutien lors de son incarcération à la prison civile de Port-au-Prince. “M ap pwofite pou m di maryaj lapolis la ak pèp la ap toujou egziste, paske pèp la se lapolis la e nou se pèp la”, peut-on lire dans la lettre.

Écroué au Pénitencier National pendant plus de 7 mois, Jean Pascal Alexandre a recouvré sa liberté le 25 septembre 2020 dernier.

Retrouvez en exclusivité la lettre de Jean Pascal Alexandre

De : JEAN PASCAL ALEXANDRE
A : Pèp ayisyen an

Bi: Mo de remèsiman

Frè Polisye mwen yo, pèp ayisyen an, mwen salye nou pou kouraj nou ak detèminasyon nou nan batay nou t ap mennen pou mwen menm JEAN Pascal Alexandre te jwenn liberasyon mwen.

M ap salye patikilyèman fanmiy mwen, sendika lapolis nasyonal la (SPNH-17), avoka mwen yo, chofè moto yo, etidyan yo, elèv yo, pwofesè, ti machann bò lari yo. M ap salye fòs ak kouraj tout jounalis ki te toujou kanpe bò kote Polisye pou mande liberasyon JEAN Pascal Alexandre. Tout pèp ayisyen an nenpòt kote w ye a, mwen remèsye w pou gran batay sa nou te mennen pou m te ka libere jounen jodia.

M ap pwofite pou m di maryaj lapolis la ak pèp la ap toujou egziste, paske pèp la se lapolis la e nou se pèp la.

M ap lanse yon « SOS » ak tout polisye pou yo itilize plis pwofesyonalis nan kad travay yo, pou n mye sèvi pèp la nan lari a.

Moun Fonparizyen ak moun Dèlma, mw pa p janm bliye nou pou sipò nou te ban m, nou nan kè m e mwen ap kontinye pote solidarite m bò kote nou chak fwa sa mande. 👋🏾👋🏾

Pou fini m ap di yon gran mèsi ak Bondye epi ginen yo ak sa nou pa ka wè yo pou èd yo te ban m pou m sòti nan moman difisil sa.

Viv Ayiti… Viv Lapolis… Viv SPNH✊🏿✊🏿

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker