Éducation

Nesmy Manigat salue le courage et la bravoure des élèves du Lycée National de La Saline, promotion “EXCELSIOR”

(TripFoumi Enfo) – L’ancien ministre de l’éducation nationale, Nesmy Manigat, parrain de la promotion EXCELSIOR “2019-2020” du Lycée National de La Saline, dans son discours de circonstance a salué et félicité, le courage et la détermination des élèves de cette promotion.

Pour M. Manigat, il s’agit d’une promotion bourée de Héros et de Héroïnes qui inspirent l’avenir : “Ochan pou 73 Ewoyin ak Ewo Lise Lasalin ki enspire lespwa​. Nou te dwe mil (1000) elèv jodi a, ki mete bèl tòj pou patisipe nan seremoni gradyasyon sa pou selebre reyisit omwens 13 ane lekòl. Sa vle di, sou 1000 elèv ki antre nan premye ane, nan lekòl Lasalin yo, se apèn 300 ki rive chape nan paswa enjistis sosyal ak ekonomik pou rive nan premye ane lekòl segondè”.

L’ancien officiel du MENFP regarde les aléas auxquels les gradués se sont confrontés pour parvenir à cet exploit : “Nan dènye ane nouvo segondè sa, mwen te konte nou te sèlman 160, nan jounen 9 janvye 2020, nan okazyon konferans mwen te fè pou motive nou. Nan moman sa, nou te sot pèdi 3 mwa lekòl akoz « peyi lòk ». Mwen sonje jou sa, nou te chita nan lokal lekòl nasyonal Sidor Boirond yo te prete nou, paske nou te oblije kouri kite katye Lasalin ak Lise a.”

Nesmy Manigat salue le courage et la bravoure des élèves du Lycée National de La Saline, promotion "EXCELSIOR"

“Malgre 2 kilomèt distans sa, nou te pwomèt nou tout 160 la t ap reyisi nan egzamen bakaloreya inik nouvo segondè a. Men apre 2 mwa edmi sèlman, pandemi kowonaviris revoye nou tout chita lakay nou. Pandan konferans jou sa, nou te mande m pou m parenn pwomosyon 2019-2020 sa. Lè m konsidere kote nou sòti pou nou rive nan klas tèminal segondè, mwen konprann pi plis pouki sa nou rele pwomosyon sa «Excelsior: Pi wo». Non pwomosyon sa vle di anpil bagay. Anpil nan elèv ki fini avan yo pa rive jwenn ni travay, ni antre nan Inivèsite malgre 4 diplòm Leta, sòti depi nan sètifika primè rive nan segondè. “

Ayant assisté à des discussions de ces élèves sur un groupe WatsApp quant à leur volonté d’aller de l’avant, Nesmy Manigat rappelle la nécéssité d’instaurer dans la deuxième partie du sécondaire des possibilités pour que l’écolier apprenne un métier : “Mwen temwen diskisyon ak anpil echanj sou gwoup « whatsapp » pwomosyon an, nan jou avan egzamen yo. Mwen wè tout raj nou genyen pou rive lwen malgre tout difikilte lavi a. Se pou sa, mwen ensiste anpil pou peyi a demare dezyèm mitan nouvo segondè a, ki se bakaloreya teknik ak pwofesyonèl. Lwa sou fòmasyon teknik ak pwofesyonèl mwen te depoze epi defann nan Palman an 2014, vote depi 2017 e pibliye nan jounal ofisyèl « Le Moniteur » nan ane 2018.

“Konsa nou t ap gen posibilite chwazi ant bakaloyera nouvo segondè jeneral sa ou byen chwazi opsyon aprann yon metye nan kad nan yon Lise Teknik/Pwofesyonèl ou si Lise Lasalin te ofri opsyon sa. Konsa, anpil nan nou t ap kapab deja chèche wout travay pou kòmanse soulaje paran yo”.

Fièreté, voilà ce sentiment qu’il éprouve quand il se rend compte les barrières traversées par ces écoliers : “Mwen fyè anpil de nou, paske nou se Ewoyin ak Ewo envizib ki rive janbe tout kalite barikad lavi pou franchi 13 ane lekòl. Barikad ane 2020 an te pi wo toujou paske se nan kouri kite zòn lakay nou, nan janbe dife, nan veye ensekirite, nan mache nan 3 lokal prete, nan pote sou do nou chay etikèt elèv Lasalin, nou rive fini lekòl segondè. Men raj pou nou reyisi a te pi fò ke enjistis ak inegalite sosyal. Ane sa, akoz kowonaviris, « distansyasyon sosyal » se yon mo alamòd, men mwen konnen nou soufri de distansyasyon sosyal depi tout tan, paske gen moun ki te konsidere inifòm Lise Lasalin nan tankou yon kondanasyon san jijman pou delenkans. Poutan, okenn katye pa gen desten pou li tounen yon zòn non-dwa. Menm jan, okenn moun pa fèt tou delenkan, ni sa pa ekri okenn kote pou li oblije viktim anba men delenkan. Jodi a, yonn nan gwo misyon nou deja genyen, se ede kraze baryè sosyal sa yo ki fè Ayiti ap triye e klase pitit li yo selon lekòl ak katye yo frekante”.

L’éducateur dit constater la réduction des inégalités existant entre les écoles grâce à sa mesure en 2015 pour que tous les élèves des écoles nationales et congréganistes publiques portent régulièrement la même couleur d’uniforme dans tout le pays. Toutefois, il croit qu’il reste beaucoup à faire pour en finir avec cette pratique discriminatoire.

“Se vre, depi ane 2015 tout elèv lekòl nasyonal, lekòl kongreganis piblik ak Lise nan 10 depatman peyi a mete menm koulè inifòm, kidonk, sa diminye kèk pretèks pou diskriminasyon, men sa se tòkèt la, chay pou redui inegalite nan lekòl pi lou. Nou menm tou, nou gen obligasyon lonje lanmen bay rès 900 elèv ki rete nan wout, kit se pou pwoblèm lajan, kit se paske yo double twòp, kit se paske yo dekouraje, kit se paske yo kòmanse bouske lavi a pi bonè. Yo pi vilnerab e deyò a gen tantasyon pou ale nan bon chimen tankou nan move chimen. Sonje nou pa ka reyisi san yo. Se vre, nou tout te chita yon jou sou ban lekòl, men sa ki enpòtan se rive diplome nan yon metye ki itil. Kidonk, nou gen yon gwo responsabilite pou toujou rete yon modèl pou yo, pou enspire yo pran bon wout la e aprann fè efò malgre dezespwa ak tantasyon rive vit nan move wout”.

Nesmy Manigat, à la fin de son discours, souhaite que ses filleuls continuent sur cette même lancée :
EXCELSIOR ! Pa kanpe la. Monte pi wo. Nou pa « Ti Lasalin » y ap di a. Nou kanzo, nou pase nan lekòl lavi a epi nou pase nan lekòl klasik la. Nou se 73 Ewoyin ak Ewo ki enspire m pou ane 2020 an. Pasyon nou ak raj pou reyisi anba tout kalite baryè se gwo espirasyon pou tout yon jenès k ap chèche wout lespwa ak opòtinite. Lè m gade nou, lespwa pa mouri e peyi a dwe reprann dosye #PacteEducation an dekwa pou gen plis angajman pou soutni refòm ak modènizasyon edikasyon ak fòmasyon depi nan preskolè. Nou se 73 Ewoyin ak Ewo. Kenbe tèt nou. Kwè nan tèt nou.

L’ancien ministre de l’éducation Nesmy Manigat croit que ces jeunes peuvent jouer leur partition dans la construction de la nouvelle Haïti tant prônée.

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker