À la une

Pinèz, yon fenomèn degoutan ki pa dwe rete sekrè

(TripFoumi Enfo) – Anpil moun ap plenyen pou pinèz ki anvayi yo epi anpeche yo dòmi, sitou leswa. Fenomèn sa a, ki soulve anpil kòlè lakay yo, pa sispann pouse viktim yo mete an dout fason yo pran swen tèt yo, lakay yo ak nivo yo pwòp, sa ki pa vrèman gen anyen pou wè ak vrè rezon ekzistans pinèz nan yon kay oubyen yon kote kèlkonk. Daprè rechèch ki fèt sou ti bèt sa a, ki kreye dezinyon, repwòch ak santiman wont lakay moun lè li enstale l, enben li pa fin sa nèt paske pinèz se yon ensèk ki tabli rapid, sa ki vle di li ka fè anpil pitit nan yon ti tan tou kout. Yon grenn kapab kale yon kantite moun pa ta ka imajine. 

Kisa pinèz ye ? Kòman li evolye menm ? Ki kote ou jwenn li plis ?

Kesyon sa yo ki gen tout sans yo pral ede chak grenn moun louvri je yo sou ti bèt nwizib sa a ki pa sispann koze dega anpil kote nan mond la, Ayiti pa epanye. Ti bèt sa a se yon ensèk, li pa gen zo nan kò l. Koulè l atire sou wouj. Li gen pou non syantifik “Cimex lectularius”. Li sòti nan fanmi “Cimicidae”. Pinèz fè pati ematofaj yo, sa ki vle di se san li bwè pou l viv. Kidonk, san se prensipal manje yo. Kit se mal kit se femèl, yo tout viv gras ak san moun paske moun se ot prensipal yo. Pandan yo ka pike yon moun pou bwè san l 90 fwa nan yon sèl nwit lan, yo nouri anviwon yon fwa pa semèn. Ou ka jwenn yo tout kote men se sitou kote ki kache, nan kwen kabann, nan rad, nan twou kay, nan mèb ki fèt an bwa yo plis manifeste. 

Pinèz, kòm nou di deja, bay anpil pwoblèm nan tout sosyete epi nan tout kouch sosyal. Li okazonye anpil temwanyaj nan mitan pèp ayisyen an. Nan sans sa a, nou menm, nan redaksyon Tripfoumi Enfo, nou te ale rankontre plizyè pwofesyonèl ki te bay opinyon yo ak tray y ap pase anba ti bèt sa a ki, lè li mòde w, kite mak sou po w paske l ap fè w grate anpil. 

« Mwen te rete nan yon kay ki pran pinèz, se deyò mwen konn al dòmi. Lapli te mèt tonbe, mwen oblije tann li fin pase pou m seche atè a pou mwen, gran frè m ak gran sè m ka dòmi ». Se deklararasyon yon jounalis, diplome nan syans edikasyon epi ki se etidyan nan Lenguistik nan Inivèsite Leta Ayiti a (ILA). 

Yon enjenyè agwonòm, bò kote pa l, pa kache mizè li pase nan dòtwa Damyen ak pinèz : « Mwen pran nan yon pinèz Damyen ki fè m tounen gran krazè pa fòs. Menm si mwen pa ta anvi leve al kraze, pinèz fè m fè l. Se jis lè m kite Damyen mwen libere e malgre sa yo te swiv mwen lakay la. Se ak anpil detèminasyon mwen te sove anba malfektè sa yo ». 

« Mwen p ap janm bliye. Mwen ale nan yon aktivite nan youn nan gwo otèl nan kapital la, mwen santi kò m ap grate m. Mezanmi lè m leve mwen kouri ale nan twalèt la, mwen desann pantalon m, mwen jwenn yon nich pinèz nan kò m. Lè m fin retire yo, m ap tounen kote m te chita a, mwen fè yon kout flach ak telefòn mwen, mwen wè koloni pinèz la ap fè lanavèt sou chèz kote m te chita a ». Se temwanyaj yon etidyan nan famasi ki pran nan pwazon sa yo tou. 

Se pa sèl Ayiti ti bèt sa a bay gwo danje. Nan yon temwanyaj yon responsab medya k ap viv Ozetazini, li deklare sa a : « M sonje lakay mwen te gen pinèz. Pou n te elimine yo, yon jou anvan nou tout nan kay la al nan vakans, nou boule tout sa k te andan kay la : mèb, kabann, sofa… Nou kite kay la vid, nou fè 3 mwa deyò, Avan n tounen, nou fè pentire tout ti kwen andan kay la. Se petèt pi bon fason nou ka elimine pinèz ».

Eske lè pinèz pike w, li kapab bay maladi ?

Pinèz pa bay maladi men piki l ak prezans li gen gwo konsekans sou sante moun nan sans li ka bay pwoblèm sikolojik ak pwoblèm po. Yon moun ki konnen li gen pinèz lakay li gen difikilte pou l dòmi (insomnie) ou pou l redòmi aprè yo fin pike l (rendormissement), sa ki ka vin debouche sou anksyete ak anemi. Nan sa ki gen pou wè ak maladi po, lè pinèz la fin pike w, li kapab kite bouton ki gen dlo ladan l (papule œdémateuse), boul ki sanble ak lè moun boule men ki pa gen dlo (Boursufflure), li fè moun yo grate anpil (prurit) sa ki konn fè parèt nan ka ki pi grav yon plak wouj sou po moun nan (éruption cutané) ak maleng tèlman li grate. 

Ki pi bon fason ou ka eradike pinèz yon kote ?

Youn nan pi bon fason ou ka konbat pinèz se pa kite l enstale l men lè sa rive, li toujou bon pou n pote yon solisyon. Debarase kay la nèt, lave tout rad nan kay la ak dlo cho, mete kabann yo nan solèy epi flite yo ak yon dlo ki byen bouyi melanje ak jiwòf, flite nan tout kwen kabann nan, nan tout kwen kay la. Ou ka itilize yon melanj fèy ave ak kleren tou. Pa neglije mete anana nan kay la paske daprè sa anpil granmoun fè konnen aprè eksperyans yo fè, sant anana fè pinèz yo kouri. Si w gen posiblite, li t ap enpòtan pou pentire kay la, bouche tout ti twou anvan ou remete tout bagay andan. E nan ka sa pa mache, li enpòtan pou n fè apèl ak yon pwofesyonèl nan matyè sa a pou detwi ti bèt nuizib sa yo ki twouve yo nan tout kwen nan mond lan.

Pinèz pa yon fatalite, li pa defini nivo ijyèn paske li ka depoze valiz li nenpòt kote moun frekante tankou biwo, lopital, lekòl, lotèl… ni estati sosyal ak ekonomik pèsonn tou paske menm jan kay malere ka pran l lan, kay grannèg yo pa epanye. Pa ezite pale ak moun w ap viv, vwazinay ou sou ekzistans pinèz lakay ou paske si w ap lite pou detwi pinèz lakay pa w e vwazen w lan genyen l, ou pa konnen, se lave men siye atè. Pa neglije al lopital e di medsen an tout verite si w kòmanse gen maleng oubyen alèji sou po w akòz de piki pinèz. Pa janm bliye pinèz ka atake tout kouch sosyal.

Moun nou te pale ak yo sou eksperyans yo ak pinèz pou n te ka ekri atik sa a pat vle pou non yo parèt.

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker