À la uneHaïtisociété

AKA selebre « Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl » la

Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) fete 42 zan « Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl » la, jedi 26 oktòb 2023, nan lokal otèl « Marriott » ki chita kò l nan lakou Pòtoprens. Moman sila te tanmen douvan yon pakèt otorite Leta ak kèk moun nan sosyete sivil la anba tèm « Lang kreyòl ayisyen, yon zouti pou devlopman dirab ».

Langaj

«Tout lang se lang. Pa gen lang pase lang », se sa vis prezidan akademi an, Rosilia François Corneille, deklare nan diskou l t ap fè nan kad selebrasyon sila a, selon sa jounal « Le Nouvelliste » rapòte. Li te kontinye pou l fè konnen « seremoni sa se okazyon pou AKA pote kole avèk tout pèp kreyolofòn sou latè, espesyalman sa ki pataje yon lang kreyòl sou baz leksikal fransè », toujou dapre sa jounal la rakonte.

Rektè Inivèsite Leta a, Fritz Deshommes, ki te prezan nan kad seremoni sila, fè konnen nou dwe mete aksan sou plizyè pwoblèm ki gen nan sistèm jistis ayisyen an tankou lwa yo ki ekri nan lang fransè, jistisyab yo pa souvan konprann. Nan sans sa a, Rektè a mande fè yon gwo konbit, nan lide pou lajistis fonksyone nan lang manman n ak papa n. Yon lòt bò, li fè konnen Inivèsite Leta a atravè kèk fakilte li yo gentan charye gwo mouvman sa a.

Rosilia Francois Corneille, vis prezidan AKA a, envite nou ranmase lang kreyòl la epi fè li tounen chwal batay nou si tout bon vre nou swete pou Ayiti sispann chita nan ke kamyonèt la ap rele yogann, toujou daprè jounal la.

Langaj

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker