À la uneHaïti

“Okipe pitit ou”, yon nouvo tchalennj TikTòk pou denonse kèk papa ayisyen

Yon gwo tchalennj pou denonse papa ayisyen ki pa okipe pitit yo anvayi rezo TikTòk depi nan kòmansman semenn pase a. Konsa, gran piblik la tou konnen imaj ak non anpil gason ki abandone pitit yo.

Langaj

Anpil manman pa sispann devwale kilès ki papa kèk pitit ki lage sou bra yo sèlman. Fenomèn devwalman sa pèmèt anpil madan marye konnen mari yo gen pitit deyò, li mete toutouni kèk moun ak imaj serye. Nan tchalennj sila a, manman pitit yo poste foto timoun yo epi foto papa yo youn apre lòt. Slogan ki mache ak videyo sila a kenbe atansyon moun yo plis toujou. Nan chak piblikasyon, manman an ekri : “ Mwen gen yon bèl pitit, men èske nou konn vakabon ki pa okipe l la ? ” Kòmantè anba piblikasyon yo kritik anpil. Anpil moun pa sispann di papa ki pa responsab yo gwo pawòl.

Medam Ayiti yo jwenn yon mwayen ki “efikas” pou eksprime fristrasyon yo fas ak yon kèk gason malonèt ki lage yo nan gwosès oubyen ki abandone pitit yo lè l fin fèt. Akoz pwoblèm sosyete a, fanm 2 pye pantalon yo pa ka fòse papa pitit yo pran responsabilite yo. Men avèk tchalenj TikTòk sila a, anpil papa pa responsab kòmanse ap wont epi parèt kòm vakabon nan sosyete a. Sa ka trase tou yon bèl egzanp pou tout gason ki ta gen ide fè menm bagay la nan jou ki ap vini yo.

Plizyè itilizatè platfòm chinwa a pa sispann di tchalennj sa ka koz lanmò. Gen foto gason ki repete 3 fwa ak 3 pitit diferan. Gen fanm ki vin dekouvri mennaj ofisyèl yo depi 5, 6 lane gen pitit. Gen fanmi, zanmi ki etone wè moun pwòch yo enplike nan koze sa. Si nou konsidere pwovèb “sa w fè, se li w wè” a, nou kapab di anpil move papa kòmanse jwenn monnen pyès yo nan kominote ayisyen an.

Langaj

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker