Dernières nouvellesProtestation

Barikad nou se zam nou, rappelle Assad Volcy

Depuis tantôt 8 semaines, les masses populaires ne jurent que par le départ du Président de la République, Jovenel Moïse. Pour ce faire, entre autres, des barricades sont érigées un peu partout dans le pays. En ce sens, ce mercredi 30 Octobre 2019, le Chef du parti politique dénommé ODEP HAÏTI, Volcy Assad a lancé un message clair à tous les protestataires.

TripFoumi Enfo vous apporte l’intégralité du message en créole haïtien.

Pòtoprens Mekredi 30 Oktòb 2019

MESAJ POU LARI A

BARIKAD NOU SE ZAM NOU!

Chapo ba pou nou pèp ayisyen. Chapo pou moun nan tout sektè ki pran angajman pou fini ak sistèm peze souse sa a, sitou jenn fanm ak jenn gason nan katye popilè yo.

Wi nou merite yon gwo kout Chapo paske nou rive demanti tout sila yo kite kwè grangou yo mete nan vant nou tap anpeche n kanpe goumen ak sistèm lan, ki dwe pase wè pa wè nan demisyon Jovenel Moise san kondisyon.

Pouvwa a, kominote entènasyonal la, boujwa san koutya a ak tout alye pouvwa a sezi. Yon lòt fwa ankò nou montre lemond antye nou se tout bon vre eritye Papa Dessalines. Se pou sa map redi nou, pa konte sou okenn sipò blan pou ede m ekri paj istwa sa a. An verite militan yo, vanyan gason kap goumen yo, si zansèt nou yo t pèdi tan yo ap mande Rochambeau ak Napoleon yo tanpri souple retire chenn nan pye nou, anverite nou patap janm libere anba sistèm esklavaj feròs la.

Se pousa map di nou ankò: Kanpe goumen! Nou deja ranpòte anpil vktwa sou advèse nou yo. Jodi a gras ak detèminasyon n ak kouraj nou, anpil ladan yo kòmanse chanje lang. Nou pa gen poun mande fèn kado libète ak byenèt papa nasyon an te vle pou nou. M pap ba nou manti, nan faz batay la ye la a, BARIKAD NOU SE ZAM NOU. Kelkeswa moun ki vle leve BARIKAD NOU VLE pran Libète n ak Byenèt nou.

Nou deja nan mitan lanmè a nou pa dwe fè bak sinon Reken an ap manje nou. Anpil nan nou deja mouri, bless anba bal lapolis ak mèsenè pouvwa a rantre nan peyi a. Anpil nan nou sibi arestasyon politik ak move tretman, men nou sèten vktwa a pa lwen.

Nou menm militan kap goumen nan 10 Depatman peyi a sonje byen: BARIKAD NOU se sèl ZAM NOU poun defann dwa nou. Mete l sou boulva a, nan katye a, nan ryèl la, nan enpas la, devan lakay nou epi kanpe dèyèl.

Ak BARIKAD nou, san vyolans, nan lejitim defans nap rive kase sistèm lan pou yon sosyete kote tout moun gen dwa!

Pèp map goumen pa janm pèdi batay

Volcy Assad

ODEP Haiti

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker