Dernières nouvellesProtestation

Des personnalités de la diaspora se prononcent sur la crise actuelle en Haïti

Dans un communiqué en date du 17 Octobre 2019 ramenant le 213ème anniversaire de la mort de Jean-Jacques Dessalines, ces personnalités de la diaspora signataires du dit communiqué en profitent pour envoyer un message de support au peuple haïtien et leurs sympathies aux victimes de la mobilisation qui se tient à travers tout le pays.

Aussi dans le cadre de leur soutien à la lutte pour exiger la démission du Président de la République Jovenel Moïse, elles projettent de manifester devant le siège des Nations Unies à New York, ce lundi 21 Octobre 2019, pour dénoncer la complicité et le silence des pays dits amis d’Haiti face aux souffrances du peuple.

Voici la teneur du communiqué en Créole.

Des personnalités de la diaspora se prononcent sur la crise actuelle en Haïti
Des personnalités de la diaspora se prononcent sur la crise actuelle en Haïti

Sipò Dyaspora a

Yon lot fwa ankò, Kowalisyon Ayisyen responsab nan dyaspora a deside mete vwa yo ansanm pou sòti kominike sa a pou komemore ansanm ak tout pitit peyi a lanmò Jean Jacques Dessalines, papa endepandans peyi a. Nap tou profite fikse pozisyon nou sou kriz jeneral kap travèse peyi a epi pou eksprime soutyen san kondisyon nou ak batay pèp Ayisyen an.

Nou menm nan dyaspora nou kwè ke moman an rive pou Jovenel Moïse kite pouvwa a paske misye non selman pap regle anyen pou chanje lavi moun nan peyi a, men li fè plis mal ak peyi a ki bouke avek grangou, krim, masak, koripsyon, vole leta, pa gen gas ak anpil lot plent. Jounen jodi nou ka we klè ke Me. Jovenel pap dirije anyen nan peyi. Pou premye fwa prezidan an pa menm ka ale pon rouj pou komomore lanmo papa Desalyn paske pep la tap pare pou li. Nou fini pa konprann se pep souveren an ki gen pouvwa.

N’ap profite di Me. Jovenel ke li pa twò ta pou fè yon akt de kouraj pou sove non w, imaj ou ak repitasyon w ansanm ak fanmi w anvan sa vin pi grav. Nap mande w pou bay demisyon paske pèp  la mande pou w remèt li manda l. Ou pap dirige anyen ni ou pa gen okenn lejitimite pou ni dirije ni fe dyalòg.

Konsa nou mande pèp la pou kontinye konba a jiskaske nou rive kapòte non selman rejim nan men tou tout sistèm ki chita ap mete apatrid tankou Jovenel Moise sou pouvwa nan peyi Dayiti.

Senbòl pouvwa politik la se palè nasyonal, medya leta yo, se la nou dwe ale, okipe palè, enstale jij kasasyon an devan senatè/depite/jij ki sou menm pozisyon ak pèp la. Prezidan dwe fè yon apèl solenèl ba nasyon, epi delivre yon manda darè dèyè Jovenel Moïse, nenpòt kote yo jwenn ni pou mete men sou li epi remet li ba lapolis.

Nap mande ak chèf polis la Me. Normil Rameau ansam ak lòt polisye frè ak sè nou pou yo sispann tire sou pèp la epi sispann ba yo gaz. Yo se frè ak sè nou, manman nou, kouzen nou, Ayisyen parèy ou kap mande pou sa chanje pou yo avèk ou. Tout moun ki kont pèp sa gen pou peye pri a. Nap mande w chwazi kote w kanpe jodi a paske pèp la pa konn pèdi batay ni nou pa ta renmen w peye zo kase a, ou menm avek fanmi w.

Nap fini pou nou mande opozisyon an ansanm ak tout fòs vivan nasyon an, tout sektè pou mete ansanm prese prese pou mete yon gouvènman nan peyi a paske peyi a pa gen ni prezidan ni gouvènman. Epi kontinye aplike plan opozisyon an te prezante ba nasyon an pou pase nan òganizasyon konferans nasyonal souveren Turneb Delpe, change kondisyon vi moun nan peyi a ak aksyon sosyal ak ekonomik nan ijans, eleksyon, lòt konstitisyon, ak pwosè petrokaribe a.

Nou kap viv nan diaspora a ap degaje nou tankou mèt janjak pou konvenk gouvenman meriken an pou rekonet prezidan tranzisyon an.

Viktwa pou pèp souveren an.

Ce communiqué portant les signatures de ces personnalités ci-dessous regroupant plusieurs entités de la diaspora haïtienne.

1-New York :
Roland Sainristil
Thomas SaintCloud
Rony Monestime
Roland Sainristil
Fred Joseph
Edens Deba
Hudson Rock

2-Florida:
Jimmy Mertume
Pierre P. Frédérique
Dilavoi Nozile
Theobale P Paul
Jean Eli
Marthe Brun
Daniel Eugene

3-New Jersey:
Bernier Archille
André Lozier
Claudy J Jacques
Joel Romulus
Marie Josette Depeigne
Willy Depeigne
Monasse Laisseus

4-Pennsylvania:
Joel Leon
Patrice Laporte
Gasner Baptiste
Quener Joseph

5-Massachusetts:
Tina Lorquet
Claude Janvier
Claudette Fortune
Samuel Quesse
Lucner Bayas

6-Georgia:
Wilder Tout-Puissant
Engrand Émérite

7-Washington:
Pierre Richard Charles
Jacques Bingue

8-Rhode Island :
Jeremy Laventure
Patrick Grandroit

9-République Dominicaine:
Cadet Wilgueson
Joseph Ylrick
Jean Remy Hilaire
Sony Nicolas

10-Canada:
Beauvais Frantzy
Milien Yvener
Jean Livette Praslin

11-Chili:
Sondes Thermidor
Cenaval Cadet

12-France
Solon Maignant

13-Guyane Française
Kenold Lorquet

Anpil lòt non

Pour authentication:

Joel Leon 215-908-4553
Claudy J. Jacques 862-224-2639
Roland Sainristil 917-815-2228
Tina Lorquet 508-840-0707
André Lozier 856-655-5473
Claude Janvier 617-669-7222
Maxi François 516-967-1559
Thomas Saintcloud 585-642-3459
Edens Deba 347-546-1468
Pierre P Frédérique 407-325-5642

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker