Dernières nouvellesPolitique

Tous les trois pouvoirs ont failli à leurs missions, selon Kedlaire Augustin

Le représentant du nord-ouest, élu sous le Parti Haïtien Tet Kale (PHTK), dans une note rendue publique dont une copie a été acheminée à la rédaction de TripFoumi Enfo, demande à toutes les forces vives du pays à un “Tête-à-Tête” pour éviter un bain de sang ou une occupation étrangère plus terrible que celle-là, avons-nous lu dans la note, et estime que tous les trois pouvoirs du pays ont failli à leurs missions.

Le sénateur déclare avoir annoncé ce qui est en train d’arriver à l’exécutif et prévient ce que l’opposition connaîtra à son tour: “Se avèk tristès kem konstate jodi a ekzekitif la rive devan twou mwen te anonsel la. Gen moun ki te relem trèt pou klèvwayans ak kouraj mwen lèm tap fè anons pou nou te ka evite sa. Mwen vle di nou frèm ki nan opozisyon pliryèl la, demen nou pwal devan reyalite pa nou tou. Reyalite pa nou an pwal make pa yon gè sivil ki pwal mennen nou tèt dwat nan okipasyon etranjè.”

“Se vre nou te deja pèdi souverènte nou, men okipasyon nap travay pou li jodi a se pwal yon okipasyon brital, paske yo kwè nou se shit hole, donk yo pa kwè nou se moun tankou tout moun. Yo pwal mache arete nou san manda e nou pap ka anpeche sa. Yo pwal bwote tout richès peyi a anba je nou tout e nou pap ka di anyen pou sa. Nou fè twòp lòbèy nan peyi a nan batay pou pouvwa. Pèp la pa kapab ankò, trip moun yo ap kòde, ti moun yo ap trepase anba grangou douvan je paran yo nan peyi lòk. Entènasyonal la bouke ak nou”, a prononcé l’élu du PHTK qui s’étiquette indépendant face à l’aspect manichéen (pouvoir/opposition) de cette ère politique.

“Mwen mande tout kòlèg senatè kit li nan opozisyon kit lap kore pouvwa pou yo rekonèt pa gen otorite leta ankò. Tou le 3 pouvwa yo fayi a misyon yo. Anachi ak dezòd se sèl règ kap taye banda nan peyi a”, confesse-t-il.

“Mwen mande tout fòs viv peyi a pou yo edem fè pase mesaj sa anvanl twò ta. An nou fè kriz la tounen yon opòtinite pandan map mande tout kòlèg senatè aksepte sakrifis mete tout manda sou tab diskisyon pou nou ka jwenn pi bon fòmil e pi bon tayming pou nou relanse peyi a sou ray devlopman ak demokrasi.” faire de la crise une opportunité est aussi un point essentiel de ce texte, pareillement à celui du Président de la République dans son adresse à la nation et propose un nouveau contrat social autour d’une nouvelle constitution.

“An nou mete enterè peyi a an premye pou nou monte yon vrè gouvènman inyon nasyonal ki ka estabilize peyi a. Amelyore kondisyon vi popilasyon an pandan sosyete a ap kontinye reflechi sou adopsyon yon lòt konstitisyon ki gen pou tabli yon nouvo kontra sosyal ki pran an kont revandikasyon fondalnatal popilasyon an jounen jodi a tankou. Retire koze premye minis la nan ekzekitif la pou evite machandaj politik. Retire nan privilèj ak pouvwa palmantè pou yo ka jwe vrè wòl yo. Amonize manda eli yo, pèmèt pitit nou yo ki nan dyaspora patisipe nan jesyon peyi a kòm sa dwa.”

“Ranfòse batay kont koripsyon nan leta, batay pou nou rive adopte vòt obligatwa ki se sèl mwayen pou nou rive fasilite emèjans yon nouvo klas politik nan tèt leta, paske jodi a, li klè pèp la pa dakò mòd dirijan li abitye vote yo ankò. Poutan, si nou pa revolisyone sistèm elektoral mwen wè la a avèk adopsyon vòt obligatwa kòm baz priyoritè, pap gen twòp chans pou moun nou pa vle yo pa toujou ranpòte eleksyon yo ak kòb, zam, fo pwomès.”; “Nan batay pou pouvwa, nou sot pèdi opòtinite pou nou te pwopoze mezi sa yo nan amandman konstitisyonèl la. Jounen jodi a. Nou pa gen lòt chwa ke adopte yon nouvo konstitisyon ki pwal teni kont de revandikasyon fondalnatal mwen sot site la yo. Se pou tèt sa, an tan ke prezidan komisyon refòm konstitisyonèl sena repiblik la, mwen pwal bay tèt mwen misyon poum mache eksplike ki sa vòt obligatwa ye pandan gouvènman inyon nasyonal la ap mete li dakò sou priyorite li nan sa ki konsène jesyon ak pwoblèm peyi a.”

Sénateur Augustin dont son nom a été cité dans l’affaire des 100.000 dollars américains pour le vote de ratification de la déclaration de politique générale de Fritz William Michel souhaite un dialogue entre haïtiens pour le bien-être collectif.

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker